Kantite chanjman sosyal, politik ak kiltirèl ki nesesè pou ka tabli yon baz solid nan domèn demokrasi ak dwa moun nan gouvènman  ak sosyete ayisyèn nan, ta va mande  pou RNDDH ak patnè li yo pran yon angajman alontèm ki gen plizyè aspè ladan’l. Sa te blije mennen vè yon estrateji trè klè bò kote RNDDH, estrateji ki gen andedan’l de eleman enpòtan: yon angajman ki dire lontan nan nivo chanjman kiltirèl ak sosyal yo epi egzekisyon yon pakèt aktivite, pwojè ak yon seri mezi yo te pran ansanm pou yo ka jwenn rezilta ki pi efikas ak dirab.

RNDDH te fini pa rekonèt fòs li kòm òganizasyon non-gouvènmantal chita sou de aktivite prensipal: (i) bay edikasyon sou dwa moun nan lide pou ranfòse kapasite sosyete sivil la (ii) mete kontwòl sou enstitisyon kle leta yo konsènan obligasyon yo genyen pou pwoteje dwa ak defann règleman lalwa yo. Tou de aktivite sa yo makonnen ansanm pou kreyasyon yon sistèm rejyonal ki chaje ak rezo siveyans sou dwa moun nan nivo nasyonal la, epi rezo sa yo fòme epi antrene pa òganizasyon an menm.

 RNDDH kwè kreye yon rezo byen enfòme, klè epi ki gen moun ki kapab kontwole operasyon sistèm pou fè aplike lalwa ayisyèn ak lòt enstitisyon demokratik kle yo, pral jwe yon wòl enpòtan nan reveye enterè kominotè ak politik la, epi l’ap nesesè tou pou enstitisyon sa yo ka opere nan yon fason ki montre anpil respè pou dwa fondalnatal moun. RNDDH kwè kontinyasyon nan aktivite sa yo ap mennen pezape an Ayiti kèk chanjman nan kilti enstitisyonèl ak popilè a. Nan nanan jefò sa yo, se kwayans sa a ki genyen nan enpòtans yon sektè sivil an Ayiti ki gen fòs ak enèji epi ki ka patisipe nan pwosesis politik la, epi ki ka evalye tou pwòp pèfòmans li yo nan domèn dwa moun ak demokrasi.

 RNDDH kwè ankò, byen defann dwa moun kapab tounen yon reyalite sèlman lè Ayisyen yo gen ledikasyon sou dwa ak devwa yo kòm sitwayen, konsa yo pra’l kapab pran devan nan koze vyolasyon dwa moun, epi pawòl sa yo ki vini annapre a, ap jwenn plas yo : “Lagè avèti pa touye kokobe” ak “Pa gen moun ki ka reklame dwa’l si li pa konnen’l.”  Rasin demokrasi a ap eseye ak anpil kouraj pran pye an Ayiti, men li pa kapab reyisi paske fondasyon li an plen fay. Nan peyi sa a, lajistis pa aplike sou moun ki gen pouvwa ou ki gen anpil enfliyans, oubyen tou ki gen lajan ak distenksyon. An Ayiti,diferans sosyo-ekonomik yo vle di  nou genyen diferan estati devan lalwa. Anplis desa a, prensipal enstitisyon leta ayisyèn yo fèb, yo manke krediblite, objektivite, reskonsablite, epi met sou sa; yo pa pwofesyonèl. Kòm rezilta, sa bay yon dividal enpinite ak koripsyon jouk nan kou ki mache ak yon mank respè volontè pou dwa fondalnatal moun.