RNDDH, avèk kolaborasyon Direksyon Jeneral Polis Nasyonal Dayiti an (DGPNH), te travay pou kreye yon bon jan pwogram edikasyon sou dwa moun pou ede PNH la sòti anba pwoblèm koripsyon li t’ap kontre nan tan lontan epi konsolide fòs li sou respè dwa fondalnatal moun.

Komite Edikasyon RNDDH sou dwa moun pou PNH la pra’l fè kèk reyinyon planifikasyon estratejik ak direksyon lapolis la pou’l ka  chwazi twa depatman ki gen pou resevwa seminè li yo; pwosesis envitasyon/seleksyon k’ap adopte an te devlope parapò ak kantite ofisye ki nan Administrasyon Lapolis la, Direksyon Prizon Ayisyèn yo (DAP) ak inite espesyalize ki nan PNH la. Gwoup ofisye ke yo envite pou  patisipe nan seminè sa yo ap reprezante tout distri ki nan depatman yo chwazi yo.