Nou ka prezante RNDDH tankou de gwoup ki diferan yòn lòt men ki genyen menm enpòtans : pèsonèl nan biwo santral Pòtoprens lan ak pèsonèl rezo lokal depatmantal yo ak volontè yo.

Pèsonèl biwo santral RNDDH la òganize an douz (12) gwoup travay oswa komisyon, epi gen kèk manm nan pèsonèl la ki patisipe omwens nan kat komisyon. Komisyon yo divize dapre tèm sa yo: enfòmasyon sou dwa moun; bilten trimèstriyèl RNDDH la; edikasyon sou dwa moun pou Polis Nasyonal Dayiti a (PNH); edikasyon ak fòmasyon sou dwa moun pou òganizasyon debaz yo; Edikasyon Plis, ki se yon atelye sou respè dwa moun pou lekòl yo; devlopman rezo RNDDH la; kesyon sou ekite ant fanm ak gason an Ayiti; timoun ki gen pwoblèm ak lalwa ; siveyans prizon yo; siveyans Polis Nasyonal Dayiti a (PNH); siveyans sistèm jidisyè an; siveyans dwa ekonomik, sosyal ak kiltirèl yo; epi devlopman ak fòmasyon nan baz done RNDDH la.

RNDDH te tabli sistèm òganizasyon sa a pou’l ka ogmante pataj sou konesans ak kolaborasyon. Chak komite yo dirije pa yon manm ki fè pati pèsonèl jesyon RNDDH la, men chak manm pèsonèl sa yo enplike epi reskonsab tou travay ak pwogrè ki fèt pa komite yo.

RNDDH gen andedan’l tou, rezo lokal depatmantal dwa moun li yo. Rezo lokal sa yo konpoze ak moun ki te konplete avèk siksè seri fòmasyon sou dwa moun RNDDH la, epi ki te pran angajman pou kreye yon kilti dwa moun nan kominote lokal yo an.