Nan lane 1992, pou bay yon repons sou vyolasyon dwa moun ki te komèt pandan diktati militè an e ki te sèvi kòm kòz prensipal migrasyon Ayisyen yo pil pa pakèt nan peyi Etazini, Kowalisyon Nasyonal pou Refijye Ayisyen (NCHR), ki tabli depi lane 1982 nan Nouyòk, te louvri an Ayiti yon òganizasyon pitit pou’l ka atake pwoblèm yo nan nan manman sous la menm. Divès aktivite li yo te mennen òganizasyon pitit sa chanje non li nan lane 1995 an “Kowalisyon Nasyonal pou Dwa Ayisyen”.

Biwo NCHR an Ayiti an te kòmanse grandi rapidopresto ni an kapasite ni an konfyans pou’l te devlope tèt li e dirije’l vè òganizasyon dwa moun li ye jounen jodi an nan peyi dayiti. Depi lane 1996, NCHR-Ayiti te devlope pwòp pwogram li, finanse pwòp tèt li e dirije pwòp aktivite li keseswa avèk ou san sipò lajan NCHR-NY la. Kòm NCHR-Ayiti te kontinye ap fè pwogrè, li te vini klè ke li te merite kèk chanjman – ke òganizasyon an Ayiti an te bezwen direksyon ak kòmandman ayisyen ak yon non ayisyen.

Anplis de sa, plizyè rezo dwa moun te deja tabli nan kèk depatman nan peyi an e ki te konpoze de moun ki te benefisye de pwogram fòmasyon RNDDH la. Akoz de tout devlopman sa yo, yon non ki ta gen ladan yon mo tankou “Rezo Nasyonal” ta sanble pi ale nan sans òganizasyon an. Ralemennenvini sou kòman yo ka fè sa pou rive tanmen chanjman sa yo te kòmanse nan lane 2002 e pwosesis legal la li menm te kòmanse nan lane 2004. Jou ki te 11 me 2005 lan, Rezo Nasyonal pou Defan Dwa Moun (RNDDH) te vin nouvo non ofisyèl NCHR-Ayiti a; se te dènye etap sa ki fè òganizasyon an tounen yon veritab òganizasyon ayisyèn k’ap fè jefò pou ankouraje, pwoteje ak defann dwa fondalnatal tout Ayisyen. Objektif ak aktivite RNDDH yo pa janm chanje paske se toujou menm motivasyon, menm dedikasyon ak menm pasyon de ansyèn ekip NCHR-Ayiti an k’ap jayi.