Tank lane t’ap pase, RNDDH te fini pa pran abitid pou vizite tanzantan enstitisyon kle leta yo ki chita toupatou nan peyi a – metòd sa te pwouve tèt li, efikasite’l ak plen siksè’l. Vizit sa yo pèmèt RNDDH obsève fonksyònman (oswa defayans) toulèjou lapolis la, prizon yo ak sistèm jistis la. Vizit sa yo pèmèt RNDDH entèveni non sèlman nan ka chak moun, men tou rive tire kèk konklisyon sou pèfòmans anjeneral chak enstitisyon. Vizit sa yo bay sikonstans ak presizyon sou detay ki nesesè pou fè pledwaye, pou chanjman nan domèn gouvènans andedan chak enstitisyon.

Depi lè tranblemandetè a ak epidemi mòtèl maladi kolera a, RNDDH ki te pwofondman konsène pa evènman sa yo, te blije elaji pwogram siveyans li an ankò pou’l ka ranmase enfòmasyon epi vizite kan moun ki déplase yo (IDP), ale sou teren kote yo enstale yo an, epi patisipe nan lòt mouvman sou dezas natirèl / epidemi, lokal ak entènasyonal, pou ka kolekte enfomasyon sou dwa moun pandan entèvansyon sa yo.

Founi je gade sa a pèmèt RNDDH prezante yon bon jan analiz sou jefò k’ap fèt nan domèn rekonstriksyon an, travay k’ap fèt pa ajans egzekisyon yo epi gade nan ki nivo entèvansyon yo konfòm ak prensip HAP yo (Humanitarian Accountability Partnership), epi si entèvansyon sa yo mete leta pi pre, oswa pi lwen nan wòl li jwe kòm yon founisè solid, epi endepandan nan bay sèvis sosyal debaz ki respekte epi pwoteje dwa tout sitwayen li yo.

Klike pi ba pou’w ka konnen nan ki kontèks RNDDH pratike aktivite siveyans li yo sou koze dwa moun:

Lajistis
Kontèks Prizon an
Kontèks Polis Nasyonal Dayiti (PNH)
Kontèks Rekonstriksyon an