Chak lane dèsantèn moun vini nan RNDDH pote plent sou zafè ki gen pou wè ak dwa moun. Ed ke RNDDH ofri viktim yo ak fanmi yo ale sou plizyè fòm; depi nan premye etap la fòk RNDDH asire’l otorite piblik ak sitwayen yo ap pran reskonsablite yo pou yo bay rapò, eksplikasyon ak mennen ankèt sou plent yo.

Nan ka kote vyolasyon dwa moun yo gen prèv ki kore yo, RNDDH (ak konsantman viktim nan) ap denonse ni vyolasyon an ni tout moun ki lotè vyolasyon an; epi l’ap travay ak otorite lokal yo pou pote kèk chanjman nan politik ak pratik yo; oswa tou, l’ap bay viktim nan akonpayman pandan l’ap pran kèk desizyon ki legal oswa kèk lòt mezi . Nan ka kote gen kèk evènman oswa kèk sitiyasyon ki ta vle fè kwè gen  vyolasyon dwa moun, RNDDH kapab ekspedye ekip siveyans dwa moun li yo nan divès kote; oswa nan zòn ki gen pwoblèm nan menm  pou yo ka ranmase enfòmasyon sou sitiyasyon an.

Anrejistre yon plent nan Pòtoprens
Jwenn yon biwo rezo a nan zòn ou