Men anpil, chay pa lou.
(Proverbe Haïtien)

Rasin demokrasi an ap eseye dezespereman antre andedan peyi Dayiti men li pa kapab rive fè sa paske baz li yo plen fay. Nan peyi Dayiti, prensip fondalnatal lajistis yo pa aplike ak moun ki gen pouvwa ak enflyans, lajan ak pisans, paske yo gen yon estati sosyo-ekonomik ki anlè yerachi sosyal la  ki fè ke yon gen yon tretman ki diferan devant lalwa. Kidonk, dwa ki pi fondalnatal yo tankou dwa pou yo pa ni tòtire ni bat moun lè yo arete yo an vin pa respekte menm.

Systèm sa a ap fonksyone konsa depi pase desanzan (200). Epoutan l’ap ladoudous kò’l tou dousman epi l’ap defann li anba bèl travay RNDDH ap fè an.

Pou’l ka kontinye pèsevere, RNDDH depann anpil de angajman ak solidarite kèk endividi ak òganizasyon ki enterese ak travay li an – ni an Ayiti ni nan lòt peyi – pou yo sipote’l nan batay l’ap mennen kont enjistis ak enpinite.

RNDDH bezwen nenpòt ki endividi, òganizasyon ak gouvènman ki vle montre angajman yo konsènan bon jan prensip ki fonde peyi yo, epitou k’ap chèche pote chanjman nan peyi kote prensip sa yo pa egziste.

Pou plis enfòmasyon sou kijan ou kapab fè ladiferans nan batay pou dwa moun an Ayiti Kontakte nou .

La w ap jwenn detay labank nou yo pou fè yon don dirèkteman.

Pou plis enfòmasyon sou finansman pwogram RNDDH yo ou pou bay èd souple kontakte nou sou rnddh@rnddh.org.

Osnon ekri nou nan adrès sa :  9, Rue Rivière, Port-au-Prince, Haïti.