Sistèm jidisyè ayisyen an kontinye ap neye anba pwomès ki se amelyore anjeneral kondisyon travay fonksyonè lajistis yo, mete anplwaye nan pòs ki vid yo, goumen kont anprizònman men longè anvan jijman, ak reyabilite e bati enfrastrikti jidisyè yo ki te afekte pa tranblemandetè a.
Nan kèk jiridiksyon, gen fonksyonè piblik yo ki gen bon jan resous nan men yo pou fonksyone; nan kèk lòt menm, y’ap travay nan kondisyon ki atròs epi difisil. Gen de fwa, defandè yo vin nan tribinal san yo pa gen okenn dosye oswa dokiman, paske yo pa’t bay yo mwayen pou kontakte yon avoka.
Se menm jan tou, yo trete malman kèk lòt fonksyonè piblik ki nan tribinal sivil yo epi yo kite yo dèyè kamyonèt la; lokal y’ap travay la fin kraze sou yo. Kòm yo pa pran yo anchaj, yo fonksyone dapre pwòp orè yo ak pwòp metòd travay yo.

RNDDH envite gouvènman an ak tout entèvenan yo pou:

  • Bati tribinal modèn;
  • Bay tout jij yo bon jan mwayen bidjetè ak materyèl pou yo fonksyonè;
  • Fè konsyone pi byen Biwo Enspeksyon Jidisyè ki la deja a pou ka amelyore koze latransparans la, epi fè rapò sou kondisyon moun ap travay andedan peyi a, pa egzanp, mete kontwòl sou orè travay jij yo epi pran sanksyon kont anplwaye ki absan ;
  • Fòse manm CASEC yo respekte otorite yo genyen an, epi pini moun ki depase dwa yo lè y’ap aji kòm ofisye polis ak jij de pè;
  • Mande tribinal la byen prepare dosye kriminèl yo nan tan yo ba yo an;
  • Mete sou pye Konsèy Siperyè Majistrati a.