RNDDH kwe ke edikasyon sou dwa moun pa kapab bliye pwochen lidè ak jenerasyon peyi a. Mete nan lespri timoun yo kèk nosyon fondalnatal sou dwa moun va ede tabli fondasyon pou jenerasyon ka’p vini an yon kilti dwa moun ki fèt nan tolerans ak respè. Chak lane, apeprè san karant (140) pwofesè nan lekòl primè, reskonsab elèv nan segondè ki nan tout peyi a, ap benefisye de  pwogram fòmasyon RNDDH la fè pou pwofesè yo.