Touswit apre tranbleman tè nan dat 12 janvye 2010 la, yon lwa te vote an Ayiti pou ka pwolonje ofisyèlman sa yo rele “Eta Dijans” lan, epi “Komisyon Pwovizwa pou Rekonstriksyon Ayiti” an (CIRH) te demare. Dirije pa ansyen prezidan ameriken Bill Clinton, manm asosye CIRH yo se  gouvènman Kanada, Etazini, Lespay, Lafrans, Brezil ak Venezyela; bò kote yo nou jwenn (CARICOM), Bank Enteramerikèn pou Devlopman (BID), Bank Mondyal (BM) ak Nasyonzini (ONU).
Ak plis pouvwa nan men l pase kò egzekitif la li menm, manda CIRH la genyen se  pou’l “fè yon planifikasyon ak yon kowòdinasyon estratejik epi fè travay resous donatè bilateral ak miltilateral yo, òganizasyon non-gouvènmantal yo ak sektè biznis la, avèk tout latransparans epi ak responsabilite ki nesesè”.  CIRH ap travay pou asire envèstisman ak kontribisyon enstitisyon sa yo, bay bon jan randman.
Evalyasyon bezwen yo ak plan rekonstriksyon CIRH la ki te devlope apre katastwòf la te kritike anpil ni bò kote kominote nasyonal la ni entènasyonal la paske li pa’t mete tèt li ase ak  popilasyon ayisyèn nan anjeneral, ni ak mouvman sosyete sivil la anpatikilye.
Malgre tout tantativ nan domèn kowòdinasyon ak lwa entènasyonal ki devlope pou entèvansyon imanitè yo – foul ONG ki te debake apre tranbleman tè a te lakòz gen anpil depans an debanday ki te fèt ak lajan ki te ranmase yo; pwogram ak pwojè yo pa reponn ditou ak bezwen moun deplase yo, epitou yon modus operandi (fason yo fonksyone) k’ap febli otorite leta a epi vyole dwa Ayiti genyen pou li pran pwòp desizyon’l nan pwosesis rekonstriksyon an. Pandan èd entènasyonal la ap file monte, dwa fondalnatal Ayisyen yo menm ap pilonnen anba pye.

RNDDH envite gouvènman an ak tout entèvenan yo pou:

  • Respekte prensip HAP yo lè y’ap mennen operasyon imanitè;
  • Pran ak kè nan men rekonstriksyon nasyonal la ak avni popilasyon an;
  • Mete tèt ansanm ni ak popilasyon an, ni ak sosyete sivil la pou moute pwojè ki rapòte kòb epi ki ka amelyore kondisyon lavi a anjeneral;
  • Enstale pou deplase yo bon jan abri ki respekte prensip entènasyonal yo;
  • Pran bon jan mezi pou kwape epidemi kolera a nan peyi a;
  • Mete sant sante nan zòn tou pre kan yo, ni sou teren reyenstalasyon yo;
  • Chache jwenn ak ekspè lokal yo nan domèn planifikasyon ak definisyon pwojè, sanitasyon, reyabilitasyon rezo elektrik yo, dlo, wout, epi tabli relasyon ak otorite lokal nan tout depatman yo;
  • Adopte epi mete sou pye yon apwòch devlopman ki baze sou dwa moun;