Malgre plis pase dis lane sipò kontinyèl dapre plizyè akò ki pase, dèsantèn milyon dola ki depanse, koperasyon plizyè milye polisye etranje, ak jefò administrasyon lapolis la ap fè – PNH la toujou manke antrènman, finansman ak ekipman.
Mankman nan resous zimen sa a te vin pi grav lè PNH la te pèdi anpil polisye nan dat ki te 12 janvye an. Li pwobab sa ka pran plizyè lane pou yo angaje, byen fòme ak enstale nouvo ofisye polis pou ranplase sa’k te mouri nan tranbleman tè a. Sepandan, li ta bon pou note kantite ki te la deja a pa’t menm ase pou popilasyon ayisyèn nan.
Tansyon ki genyen ant lapolis la, ki pa gen zouti ak teknik debaz yo pou fè travay li pwofesyonèlman, ak yon popilasyon pil pa pakèt, ki manke konesans sou dwa yo epi ki gen anpil krent oswa ki pa fin twò fè lapolis la konfyans, bay jarèt pou gen latwoublay; nou pap bliye tou aksyon vyolan yo ki poze souvan lè gen arestasyon, anprizònman ak envestigasyon epi ki pat nesesè.
Li byen klè, tout pwoblèm materyèl sa yo, machin, zam, ekipman sekirite, radyo elatriye, ki te pèdi pandan tranbleman tè a, bese anpil efikasite lapolis la anjeneral. Se kounye an atò ke resous yo vini pi ra malgre ke yo separe ak mwens anplwaye.
Defi sa yo, lè yo makonnen ak nivo vyolans sosyo-politik la ki toutan ap monte men wòte, mete sou li koripsyon ak enpinite, se laji yo laji bouch twou ki egziste ant pratik lapolis la nan lareyalite ak politik epi règleman ki anplas. Tout sa a aji sou kapasite enstitisyon yo genyen pou mennen ankèt ak pini reskonsab vyolasyon dwa moun pandan yap fè travay yo.

RNDDH envite gouvènman an ak tout entèvenan yo pou:

  • Ogmante kantite total komisarya polis yo selon teritwa kolektif yo ak kantite ofisye polis ki nesesè pou popilasyon an;
  • Amelyore kondisyon travay ak resous ofisye polis yo – ba yo zouti ki alamòd, apwopriye epi teknolojik;
  • Bay yon fòmasyon kontinyèl epi planifye karyè pou tout manm fòs piblik la;
  • Bay jarèt ak sèvis Enspeksyon Jeneral la pou li ka pi byen mennen ankèt entèn yo nan latransparans, epi asire ofisye yo ap parèt devan lajistis lè yo patisipe nan move aksyon.