Rezo lokal yo gen reskonsablite pou siveye regilyèman travay la, yon aspè ki trè enpòtan nan pwogram RNDDH la. Yo òganize aktivite siveyans, dokimante rezilta siveyans sa yo, epi yo voye rapò chak mwa nan biwo santral la, kote rapò sa yo pase anba analyz Komisyon rezo yo ki li menm pataje rapò sa yo ak ekip la annantye.

Rezo yo reskonsab pou yo enfòme biwo santral la, lè gen ka ki mande yon atansyon espesyal; lè gen ka konsa, yon delegasyon ki sòti nan biwo santral la pra’l vizite depatman ki konsène an pou li ka mennen yon ankèt.

Rezo yo ede pèsonèl biwo santral la tou, nan òganizasyon kèk aktivite espesyal, tankou kanpay ak seminè fòmasyon.

Konekte sou rezo ki nan zòn ou