Estaj RNDDH yo mande pou moun yo fleksib, dinamik, motive e kapab pran desizyon. Devwa ak reskonsablite yon estajyè varye parapò ak konpetans li, talan li, e ak aktivite ak bezwen RNDDH genyen nan moman an.

Estaj yo dire ant 3 a 6 mwa.

Li mande pou estajyè nasyonal oswa entènasyonal yo gen bon jan konpetans nan domèn kominikasyon oral ak ekri ni nan franse ak kreyòl.

Si ou enterese pou fè yon estaj nan RNDDH, tanpri voye enfòmasyon yo mande’w pi ba a nan adrès imèl sa ki se: rnddh@rnddh.org:

  • Yon lèt ki eksplike klèman rezon ki fè ke ou ta renmen fè yon estaj nan RNDDH;
  • Si ou se etidyan, tanpri ajoute yon lèt enstitisyon w’ap frekante an ak tout deskripsyon pwogram w’ap swiv yo ;
  • Curriculum Vitae ou (CV) ;
  • Twa lèt referans (3) ;

Pou lòt kesyon oswa enfòmasyon, tanpri kontakte nou.