Prizon Ayiti yo tonbe anfeblès chak fwa gen yon nouvo anprizònman ki fèt. Espas la ak nan kondisyon prizonye Ayisyen yo ap viv la pa bon ditou epi li bay lapèn.
Malgre plis pase mwatye nan prizonye yo te chape poul yo apre tranblemandetè a, menm jodi a ankò, pwoblèm andedan prizon yo toujou trè mangonmen.
Menm si nan dizan ki sot pase yo, otorite lajistis yo te fè keksyon sa tounen chwal batay yo, li rete klè jouk kounye a yo pa ka rive bout a yon solisyon ki ka dire lontan.
Kantite ofisye polis k’ap bay sekirite andedan prizon yo pa anpil epi otorite ayisyèn yo pa sanble enterese chanje sitiyasyon sa a. Pandan tan sa, plizyè nan prizonye yo anrejistre ki te chape poul yo dèyè zak tankou kraze brize, fè konplo, vyòl ak kidnape moun, zak ki ogmante anpil dènyèman nan sosyete ayisyèn an.
Moun yo te arete anba akizasyon oswa pou krim pase plizyè lane nan prizon anvan yo jije; prizonye sa yo pi fasil pou pèdi nan sistèm nan ki pa gen okenn dosye pou siyale prezans yo nan prizon an.

RNDDH envite gouvènman an ak tout entèvenan yo pou:

  • Travay pou amelyore kondisyon travay, resous ak fòmasyon ofisye DAP yo;
  • Rekenbe tout prizonye ki te chape poul yo apre tranblemandetè 12 janvye 2010 la;
  • Bati bon jan prizon nan zòn Latibonit, Gonayiv, Aken ak Koto.
  • Rekonstri oswa restriktire espas prizon yo ki manke estrikti ak ekipman, patikilyèman sa ki te pran sakad lè tranblemandetè a;
  • Ankouraje jij yo pran travay yo oserye sou ka prizonye ki fèmen depi plis pase senk lane (5);
  • Kase kòd ak pratik arestasyon san okenn règleman yo, anprizònman pil pa pakèt anvan ankèt ak maltretans k’ap fèt sou prizonye.